Èd Legal

Nou la pou ou.

  • Ou pa oblije fè rapò bay lapolis pou jwenn èd legal nan men VRLC.
  • VRLC a bay sèvis legal gratis nan Massachusetts.
  • VRLC kapab ede sèlman moun ki se viktim agresyon seksyèl ak viktim asèlman yo avèk yon eleman seksyèl.
  • Enfòmasyon ki sou sit entènèt nou an pa konsèy legal. Tanpri rele biwo nou pou w ka gen plis enfòmasyon.
  • Liy resepsyon nou yo louvri pou resevwa mesajri 24/7.

Lè ou rele, tanpri kite yon mesaj pou nou avèk non ou, nimewo telefòn ou, si ap yon danje ou pa si nou ta kite yon mesaj nan nimewo telefòn sa a, ak yon rezime brèf sou pwoblèm legal ou a.

Nou gen entèprèt disponib pou ede w konprann dwa w yo.

  • Telefòn: (617) 399-6720
    Nimewo Gratis: (877) 758-8132
    Liy Resepsyon pou Asistans Legal: x19
  • Faks: (617) 399-6722
  • 11 Beacon Street, Suite 520
    Boston, MA 02108

Misyon Nou

Misyon Victim Rights Law Center (Sant Lwa Dwa Viktim) lan se founi reprezantasyon legal pou sivivan vyòl ak agresyon seksyèl pou ede rekonstwi lavi yo; epi ankouraje yon mouvman nasyonal angaje nan chache jistis pou chak sivivan vyòl ak agresyon seksyèl.

Sèl Espwa Pou Plizyè Sivivan

Yon zak vyolans seksyèl ka devaste epi souvan deraye lavi yon moun. Enpak la dire lontan – plizyè mwa, ane, oswa menm tout lavi moun nan. Imajine tout sa ki nesesè nan lavi ou – lojman; travay; edikasyon; pwoteksyon vi prive; sekirite; epi, nan kèlke ka, sitwayènte – mete an danje akòz vyolans seksyèl. Menm lè terapis, pwofesyonèl medikal, ak sistèm jistis kriminèl la ka bay yon soutyen nou pa t ap janm ka kalkile, yo pa ka retabli kèlke bezwen fondamantal ki pi ijan. Pou repons, VRLC te etabli an 2003 kòm premye sant legal san bi likratif nan peyi a ki dedye tèt li sèlman pou sèvi bezwen legal sivivan vyòl ak agresyon seksyèl yo.

Ki Jan Nou Ka Ede

Men detwa ekzanp sou kòman VRLC la ka petèt ede w.

Vi Prive

Nou ka travay avèk ou pou eseye kenbe enfòmasyon pèsonèl ou prive.

Si yon bagay prive, ou gendwa  pa vle pou lòt moun konnen li. Nan yon dosye kriminèl, moun ki te fè w mal la ap gen avoka pa l. Avoka sa a ka eseye jwenn enfòmasyon sou vi prive w. Gendwa se enfòmasyon doktè ou, lekòl ou, oswa yon lòt moun gen sou ou. Nou ka petèt ede kenbe enfòmasyon pèsonèl ou prive.

Nou ka pale sou fason pou pwoteje vi prive w nan tout domèn nan lavi w, tankou nan lekòl, nan travay, nan yon pwogram, ak nan tribinal yo.

Si ou gen yon ka legal nan tribinal oswa yon odyans nan lekòl ou, ou ka enkyete w de si yon moun pral kapab pale oswa poze kesyon sou istwa seksyèl ou san pèmisyon w. Sa a depann de ki tip de ka legal ou genyen, pwoblèm ki nan ka a, ak kisa moun k ap deside ka a vle tande sou ou. Diferan règleman aplike nan diferan tip de ka. Tanpri rele nou si ou enkyete de si sa a ka rive.

Nou ka pale avèk ou tou sou fason pou w kenbe enfòmasyon w prive sou entènèt.

Sekirite

Si yo te vyole w oswa ou te sibi agresyon seksyèl, ou ka santi w pa an sekirite.

Ou ka vle jwenn yon òdonans restriksyon nan men yon tribinal. Òdonans sa a ka di moun ki te fè w mal la dwe rete lwen w epi pou l pa fè w mal ankò. 

Lè moun nan pa swiv òdonans la, sa rele tou vyole òdonans restriksyon an. Si moun ki te fè w mal la vyole òdonans restriksyon an, si ou rele lapolis, yo ka petèt arete li. Moun ki te fè w mal la ka gen pou li ale nan tribinal sou akizasyon kriminèl pou vyolasyon òdonans lan. 

VRLC a kapab ede w mande yon tribinal yon òdonans restriksyon. Nou ka petèt ede w tou pou pale ak jij la lè w ale nan tribinal pou yon òdonans restriksyon. 

Jwenn yon òdonans restriksyon pa garanti ke moun ki te fè w mal la ap rete lwen w. Si moun ki te fè w mal la pa respekte lòd la, ou ka petèt bezwen eseye lòt mezi sekirite tou. VRLC a ka ede w reflechi sou planifikasyon sekirite.

Jwenn yon òdonans restriksyon nan Massachusetts

Nan Massachusetts, genyen de (2) kalite òdonans restriksyon:

  1. Yon Òdonans Prevansyon Abi 209A ede moun ki te maltrete pa yon lòt moun yo ap viv avè l, pa yon moun nan fanmi yo, oswa pa yon patnè entim.
  2. Yon Òdonans Prevansyon Arasman 258E ede moun ki te maltrete pa nenpòt lòt moun. Li ka ede tou moun ki te trake oswa arase pa yon moun.     
  3. Nou ka petèt ede w jwenn tou yon òdonans entèdiksyon aksè pou travay ou, lakay ou, pwogram lajounen, oswa kote ou pase tan w. Yon òdonans entèdiksyon aksè vle di moun ki te fè w mal la dwe rete lwen lokal sa a.

Edikasyon

VRLC a ede elèv nan lekòl matènèl, lekòl elemantè, lekòl pre-segondè, lekòl segondè, ak etidyan inivèsite ki te sibi agresyon seksyèl nan alafwa Massachusetts. 

  • Nou ka petèt ede w jwenn sèvis edikasyon espesyal nan lekòl ou a.
  • Nou ka petèt ede w kenbe moun ki te fè w mal la lwen de ou nan lekòl la.
  • Nou ka petèt ede w transfere san danje nan yon lòt lekòl.
  • Nou ka petèt ede w mande lekòl ou a lòt bagay ou santi ki ta ka kenbe w an sekirite.
  • Nou ka petèt ede w depoze plent si lekòl ou a fè diskriminasyon kont ou, oswa si yo pa fè sa ke yo dwe fè pou sipòte w.
  • Si yo te agrese w nan lekòl la, lekòl ou an mezi pou gade sa ki te pase. Yo ta ka rele sa yon “pwosesis disiplinè” oswa “Envestigasyon Tit Nèf.” Lekòl la ta ka vle poze w kesyon. Yo ta ka vle pini moun ki te fè w mal la. Si pwosesis sa a rive, nou ka petèt ede w atravè li.  

Lojman

Si w te yon viktim agresyon seksyèl, kounye ou ka a gen pwoblèm kote w ap viv la. Sa a ta ka vle di ke w pa santi w an sekirite oswa mèt kay ou peye lwaye a vle pou w degèpi. Gen diferan kalite bagay ou ka fè pou eseye rezoud pwoblèm sa yo. 

Men detwa bagay ou kapab fè:

  • Ou ta ka vle demenaje.
  • Ou ta ka vle chanje seri nan pòt ou yo.
  • Ou ta ka vle mande mèt kay ou peye lwaye a pou akomodasyon. Akomodasyon yo se bagay ki pèmèt ou santi w plis an sekirite, oswa ki rann li pi fasil pou w viv kote a, tankou pèmèt ou gen yon animal domestik.
  • Ou ta ka vle pran sa yo rele yon “òdonans entèdiksyon aksè” pou kote w ap viv la ki di ke moun ki te fè w mal la pa ka vini kote ou ye a.
  • Si ou gen yon bayafèm epi moun ki te fè w mal la sou bayafèm lan tou, ou ka petèt retire l sou li.
  • Pafwa, pwopriyetè yo eseye fè moun degèpi. Degèpi vle di yon moun fòse w sòti nan kay ou. Nou ka petèt ede w rete nan kay ou.
  • Ou ta ka vle fè yon lòt bagay pou w santi w pi an sekirite. Nou ka petèt ede w ak bagay sa yo.  

Anplwa

Yon agresyon seksyèl ka rann bagay yo difisil pou yon moun ki nan travay.

Kòman VRLC a ka ede:

  • Ou ka pa santi w an sekirite nan travay ou. Ou ta ka vle pran yon konje. Ou ta ka vle chanje orè travay ou. Kapab genyen lòt bagay ou bezwen nan travay la. Nou ka petèt pale ak yon moun nan travay ou pou ede ak nenpòt bagay sa yo.
  • Nou ka petèt ede w mande konje pou w ale nan tribinal.
  • Nou ka petèt ede w konnen si ou ka pran yon konje ki pi long anba Family and Medical Leave Act (Lwa sou Konje Fanmi Medikal la).
  • Nou ka petèt ede w jwenn yon òdonans entèdiksyon aksè ki ta kenbe moun ki te fè w mal la lwen de kote w ap travay la.
  • Nou ka petèt ede w depoze plent si ou pa resevwa peman akòz yon agresyon seksyèl.
  • Nou ka petèt ede w aplike pou Konpansasyon Travayè. Sa a ta ka ede w jwenn lajan ou te pèdi lè w pa t kapab travay. Li ka pou depans medikal tou.
  • Nou ka petèt ede w mande akomodasyon nan travay ou si ou bezwen yo.
  • Li ilegal pou anplwayè w fè diskriminasyon kont ou paske ou andikape oswa paske ou te sibi agresyon seksyèl. Si anplwayè w vyole nenpòt nan lwa sa yo, nou ka petèt ede w depoze yon reklamasyon oswa yon plent.

Estabilite Finansyè

Si ou te sibi agresyon seksyèl, ou ka santi w akable pa enkyetid konsènan lajan oswa kòman ou pral peye bòdwo ou yo. Men detwa pwogram konpansasyon ak benefis nou ka ede w jwenn aksè a yo:

Benefis Piblik

  • Benefis piblik nou ka ede w avèk yo se:
    • SSI/SSDI (Sekirite sosyal)
    • SNAP (koupon pou manje)
    • DTA Asistans Lajan (TAFDC/EAEDC) (Massachusetts sèlman)
    • Asirans Chomaj (UI)
  • Si ou pa p resevwa yon benefis piblik ke ou ta dwe resevwa, lè sa a nou ka di w ki kote ak kòman pou w aplike pou yo.
  • Si ou te aplike pou benefis yo epi ou pa t jwenn yo, nou ka petèt ede w.
  • Si gen yon bagay ki mal ak yon benefis piblik ke w deja ap resevwa, nou ka petèt ede w eseye ranje li.

Pwogram Konpansasyon Viktim eta yo

Chak eta gen pwòp pwogram Konpansasyon Viktim pa li. Ou ka aplike nan pwogram Konpansasyon Viktim ki nan eta ou pou yo ka remèt ou lajan w te depanse oswa pèt ki te rive akòz agresyon seksyèl la. 

Men detwa egzanp sou kisa pwogram Konpansasyon Viktim yo ka petèt peye pou yo se bòdwo medikal ak dantè, depans terapi, oswa salè ki pèdi. Ou ka aplike pou Konpansasyon Viktim kèlkeswa kantite lajan ou fè epi kèlkeswa sitiyasyon sitwayènte w. 

Aplikasyon pou pwogram Konpansasyon Viktim yo disponib pou Massachusetts.  Si ou ta renmen èd ak Konpansasyon Viktim oswa si w gen nenpòt kesyon sou pwogram sa a, tanpri rele nou.

Pou pwogram Konpansasyon Viktim nan lòt eta yo, tanpri al gade nan National Association of Crime Victim Compensation Boards.

Defans Jistis Kriminèl

Yon ka kriminèl rive lè moun ki te fè w mal la te chaje, oswa akize, ak yon krim nan tribinal. Ou ka tande kote oswa sistèm kote ka kriminèl rive yo rele Sistèm Jistis Kriminèl La oswa Sistèm Jistis La.

Si ou vle yon ka kriminèl kòmanse kont moun ki te fè w mal la, abityèlman premye bagay ou dwe fè se rapòte sa k te pase w la bay lapolis. Si ou vle pale sou yon dosye kriminèl oswa mande kòman pou rapòte bay lapolis, ou ka rele VRLC a.

Kilès ki se kilès nan Sistèm Jistis Kriminèl la?

  • “Temwen-Viktim” lan oswa “Viktim” lan se moun lan ki te sibi agresyon seksyèl la.
    • Viktim lan se temwen an nan ka kriminèl la. Yon temwen se yon moun ki konnen sa ki te pase epi ki pwomèt pou l bay tribinal la verite sou sa ki te pase a. 
    • Viktim lan pa yon pati pou ka a. Sa vle di ke Viktim lan li menm pa kontwole sa k ap pase nan ka a. Men, Pwokirè Distri a ap abityèlman mande Viktim lan sa yo vle ki rive. 
  • “Avoka Distri a” se avoka pa eta a
    • Pwokirè Distri a pran desizyon sou kisa pou l fè nan dosye kriminèl la. Avoka distri a se pa avoka Viktim lan. Bagay yon Viktim di Pwokirè Distri a pa privilejye ni konfidansyèl. Pwokirè Distri a ka epi pafwa dwe pataje ak avoka defans lan sa ke Viktim lan rakonte yo.  
  • Defansè Temwen Viktim” lan ap travay pou biwo Pwokirè Distri a.
    • Yo pa kontwole kisa k ap pase nan ka a. Yo sipoze mete Viktim yo okouran sou sa k ap pase nan dosye kriminèl la. Yo sipoze rann li pi fasil pou pale ak Pwokirè Distri a. Nenpòt bagay Viktim lan rakonte Defansè Viktim-Temwen an pa privilejye ni konfidansyèl. Defansè Temwen-Viktim lan dwe rakonte Pwokirè Distri a tout sa ke Viktim lan di yo. 
  • “Lapolis ak Detektif” yo envestige Krim.
    • Yo pa avoka epi yo pa reprezante pèsonn. Nenpòt bagay yon Viktim rakonte yon ofisye lapolis pa privilejye ni konfidansyèl. Nenpòt bagay yon Viktim rakonte bay lapolis ka nan rapò lapolis la, pataje ak moun ki te fè yo mal la, ak/oswa pataje ak Pwokirè Distri a. 
  • “Akize” a se sa ke sistèm jistis kriminèl la rele moun ki te fè Viktim lan mal apre yo te akize l de yon krim.
  • “Avoka defans lan” reprezante akize a nan yon dosye kriminèl.
    • Travay Avoka Defans lan se eseye ede Akize a. Avoka Defans lan ka anboche pwòp envestigatè pa yo oswa pale ak temwen oswa viktim lan dirèkteman. Viktim lan ak lòt temwen yo pa oblije pale ak Avoka Defans lan oswa envestigatè yo andeyò tribinal la. 
  • Avoka VRLC yo se avoka pou viktim ak sivivan agresyon seksyèl.
    • Nan yon ka kriminèl, nou ka ede sivivan yo nan asire ke yo konprann pwosesis jistis kriminèl la. Nou ka ede viktim yo tou pale ak Pwokirè Distri a ak Avoka Temwen-Viktim lan. Pafwa yon avoka VRLC ka petèt ede yon sivivan nan pwosesis kriminèl la:
      • Nou ka petèt ede si Akize a mande tribinal la pèmisyon pou gen aksè a dosye medikal, sante mantal, lekòl, travay, imigrasyon, oswa lòt dosye prive viktim lan.
      • Nou ka petèt ede Viktim lan nan yon odyans kòz pwobab majistra grefye. Se kote yon Viktim mande yon tribinal pou mete akizasyon kriminèl sou yon akize san Pwokirè Distri a. Avoka VRLC yo pa ka reprezante w si ou se yon akize nan yon odyans kòz pwobab.

Kèlkeswa kote ou ye nan pwosesis kriminèl la, ou ka kontakte yon avoka VRLC pou pale sou ki opsyon ou genyen.

Ede Timoun ak Adolesan

Si ou se yon timoun sivivan de abi seksyèl, nou ka petèt ede w. Ou ta va kliyan an, epi nou ta va avoka w. Men detwa bagay ou dwe konnen:

  • Ou ka rele nou san ou pa oblije di paran w sa a.
  • Antan ke kliyan an, ou pran desizyon yo, epi ou gen pou w chwazi a kisa nou ede w. Gen anpil bagay nou ta ka kapab ede w avèk yo. Klike sou lòt onglè yo la pou w ka wè a kisa nou ta ka kapab ede w.
  • Avoka w lan ap respekte w. Yo pap fè anyen kont volonte w.
  • Konvèsasyon endividyèl ou avèk avoka ou konfidansyèl epi privilejye. Sa vle di, ke yo pa pral rakonte lòt moun sa ou diskite, san pèmisyon w. Sa ka gen ladan paran w. Jwenn plis enfòmasyon sou konfidansyalite ak privilèj avoka-kliyan nan (lyen an nan paj konfidansyalite).
  • Nan Massachusetts, avoka yo pa rapòtè mandate.
  • Si ou se yon timoun ki pi gran oswa yon adolesan, ou ka anmezi pou siyen divilgasyon pou kont ou, yon fason pou nou ka pale ak lòt moun pou ou. Men, paran ou oswa responsab ou dwe pran desizyon sou zafè lekòl ou, kidonk nou ka gen pou enplike yo lè pou nou pale ak lekòl ou.

Safety Exit